Page 27:
mwenmenm mwen toujou soulyetnan kap fè tyoul panyòl
la.
Tatán. – Ke de je-m pete! Mwen ta
pito kraze bounda-l.
Asèn. – Pa gen anyen ke-m ka fè.
Se younn lan pwoblèm ki genyen ak metye sa a. Se parenn ak piston ki fè youn
nonm jwenn pwomosyon; se pa pazapa, dapre lizaj. Kounnye a, Tatán, di-m si mwen
sipoze renmen nèg panyòl sa a.
Tatán. – Si se te mwen, mwen pa
tap rete kot msye.
Asèn. – Pa enkyete-w, monchè.
Mwen rete sèlman pou-m kab òganize-m pandan-m avè-l. Konprann byen. Se pa tout
mounn ki kab patwon, e tout patwon pa gen chans pou yo annafè ak mounn ki kwè
nèt lan yo. Ou pa janm gade bann nèg sòt kap fè ti figi sou jenou yo; ki kontan
dèske, pandan tout vi yo, yap sèvi patwon yo byen, pandan tout vi yo, kòm si yo
se boulgrenn patwon an, pou yo kab touche youn ti lasibab. Kou yo fin
granmounn, patwon an fout yo deyò ak youn pay chèch lan bounda yo... Vakabon sa
yo merite kèk bon kout baton... Epi gen lòt intèlijan menm ki, pandan yap pran
pòz yo avèk patwon an, gade anbisyon pa yo anndan kè yo; epi, pandan yap fè
lakilbit piblik pou patwon an wè, ankachèt yap regle koze pòch yo. Youn fwa afè
yo bon, yo tounen patwon tèt yo. Nèg konsa gen gason sou yo; e, mwen pa kache
di-w, mwen se younn. Map di-w kareman, Tatán, si-m te ka lan plas panyòl la, se
pa tyoul li ke mwen, Asèn, ta ap fè. Lè ou wè map boule ak msye, se afè-m map
regle. Jan chat mache se pa konsa li kenbe rat. Anverite Dye, menm si-l sanble
ke mwen renmen msye, osnon ke mwen renmen travay map fè, se enterè-m map
defann. Si-w wè-m fè youn zak ki pèmèt mounn pèsevwa ki lide ki lan fontenn tèt
mwen, ak kisa ki lan fon kè-m, se paske jou lè-m pral kale kòm bay la sosyete a
pa lwen. Jan-w wè-m nan, se pa tout mwen sa, non.
Tatán. – Ala nonm gen chans se nèg
gwo djòl sa a; tout sa-l fè mache byen pou li.
Asèn. – Tande. Lè nou rive devan
pòt papa fanm lan, rele-l fò, reveye-l. Nap fann lan lenn panyòl la. Nap gate
plezi-l! Ann fè tout mounn konnen se li. Ann fè fanmi fanm lan
Page 70:
Simòn. – Alòs, demen swa? Madi
maten? Osnon madi apre midi? Osnon madi swa? Osnon mèkredi maten? Tanpri, di-m
youn lè, men se pa pou-l depase twa jou. Se vre, li koupab, men tou sa se pou
lafòm. Si pat gen afè kamoken an, ki mande ke lan tan konsa fòk ou trase youn
egzanp menm sou pi bon sòlda-w, sak rive a pa tap menm fè tout pale anpil sa
yo. Kilè lap tounen? Di mwen Otelo. Map mande tèt mwen si gen youn bagay ke
mwen ta kab refize-w, si-w ta mande-m. Se menm Bètran sa a ki te konn vin avèk
ou lè-w tap file-m; e ke lè-m te konn di youn bagay mal de ou, li te konn defann
ou. Èske mwen bezwen fè tout lakilbit sa yo pou-l jwen djòb li ankò? E mwen fèk
kòmanse ap anmède-w.
Otelo. – Oke! tanpri. Li mèt
tounen lè-l vle. Ou konnen, cheri, tout sa-w vle, mwen vle-l tou.
Simòn. – Kijan. Se pa youn favè
map mande-w non. Ou fè kòm si fòk mwen ta priye-w pou-w pa sòti anba lapli san
chapo, oubyen pou-m ta fòse-w manje sa ki bon pou ou, kòm si fòk mwen ta di-w
pou-w okipe tèt ou byen. Lè map mande-w youn sèvis, pou-m kab wè si-w renmen-m
toutbon, mwen vle ke se youn bagay ki enpòtan, difisil, epi ki ka ba-w pwoblèm
pou-w fè-l.
Otelo. – Mwen pap janm refize-w
anyen. Men, tanpri, lache-m de may pou-m kab fini travay mwen.
Simòn. – Ou kwè map refize? Non.
Male, cheri.
Otelo. – Babay, Simòn, nap wè
toutalè.
Simòn. – Ann ale, Leya. (Li di Otelo.) Wa fè sa-w panse ki bon
pou ou. E kèlkilanswa sa-w fè a, mwen avè-w.